mardi 12 mars 2019

KREASYON DANPLWA E REGILARIZASYON SOSYAL

KREASYON DANPLWA E REGILARIZASYON SOSYAL

Gen anpil moun ki ranpli espas nan biro leta yo. Yo menm gen lèt angajman nan leta, poutan yo pap fè preske anyen.

GEN 2 GRO PROBLÈM MAJÈ, KI KA KONTROLE, ANRICHI LETA É KREE TRAVAY.
1-Nou gen yon problèm koripsyon kap depafini ak ekonomi nou an.
2- Nou gen yon problèm sikilasyon ki kree yon ensekirite woutyè.
Pwen 1 an
Tout moun ki chita nan yon espas fèmen, ke lap vann ou bay sèvis dwe gen yon blok resi, ki pote nom komès la, adrès, nimero patant , nom e koodone proprietè komès la.
Resi sa yo mwen sigjere se DCI ki ta enprime yo, konsa yo tap nan baz de done leta, pou yon meyè kontrol resous leta.
Yon kanpay sansibilizasyon tap kouvri teritwa peyi a, sou ranbousman tax sou enpo, lè yon sitwayen prodwi resi dacha ou sèvis sa yo.
(Egzanp: li te mèt 50 gdes, enpak la, tap gigantès)
Kanpay sa'a tap akonpaye de ajan ankèt sou fròd, sou konpotman komès sila yo. Ajan ankèt yo, tap soti anpil ladan yo, nan kategori etidyan ki fin fini ak Bacc yo.
Komèsan yo, nan ka ke yo pa ta sèvi ak resi leta'a yap peye gro amann pou fròd fiskal e risk pou komès la e bloke tout tranzaksyon ki lye ak idantite komèsan, tout o tan li pa peye leta.
Kontwòl sa'a dwe kouvri tout peyi a, obligasyon pou sèvi ak resi DGI. Ki se yon dokiman pou moun ki jwenn sèvis la, ka jwenn yon ristounn nan leta.
( Ou pa bay resi leta'a ou volè klian'an e ou volè leta)

Administrasyon sila'a byen atikile, lap pèmèt yon bon KREASYON DANPLWA,  ANRICHI LETA, KONTROLE AKTIVITE EKONOMIK SEKTÈ TÈSYÈ A E KONSIANTIZE SOSYETE À AK 

RESPONSABILITE YO, NAN RANFOSMAN EKONOMIK PEYI YO.
Pwen 2 an
Sikilasyon e ensekirite woutyè
Programm sa'a pral jenere anpil lajan e kree anpil anplwa.
Tout lwa ki jere sikilasyon yo dwe respekte.
Peye pasaj de yon provens a yon lòt.
Dwe gen panno darè e lign jòn, ki dwe endike chofè yo kote pou yo kanpe.
Dwe gen  arè pou kamionèt yo, pou yo pa kanpe nenpòt kote nan la ri. Pasaje yo dwe kanpe tann nan arè yo.
Kamyon tro chaje
Move depasman
Eksè vitès
Anpyetman sou vwa nan sans kontrè, ki paralize sikilasyon.
Tout LIMYÈ nan yon veyikil dwe fonksyone
YON SERI APLIKASYON KI DWE JERE BON FONKSYONMAN SIKILASYON AN
KREASYON DANPLWA
Ajan woutyè sa yo, ap veye ak aplikasyon règleman woutyè e aplikasyon ki reji sikilasyon woutyè.
Chwa anplwaye sa yo, se jèn ki fini bacc pou pi ba, yon fason pou jèn yo rantre sikwi travay.
Resèt enflasyon kondiktè yo sa yo, ap pèmèt:
Reparasyon wout yo
Kreyasyon danplwa
Sekirite sou wout yo
Mwens Aksidan
Redwi tan kondiktè nan blokaj e nan kelke kwen arive elimine blokaj la e latriye
Nyrvah Florens Bruno
Direktris jeneral SAAS
509 3821 4693
SAAS



Pèsonèl sa yo ka pran yon fomasyon entansif, pa yon atelye de travay diran yon mwa ou de e sèvi leta.



Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Merci de nous visiter